AYITI/EKONOMI:DIREKSYON ENSPEKSYON FISKAL REKÒMANDE POU LETA AYISYEN MONTE PRI GAZ LA GRADYÈLMAN NAN PONP YO

Selon yon rapò ki soti nan ministè ekonomi ak finans peyi a ka twouvel nan yon move sitiyasyon nan semèn kap vini yo. Se sak fè ministè a mande pou leta ayisyen monte pri gaz la, daprè enfòmasyon yo pap gen ase mwayen ekonomik pou yo peye founisè petwolyè kap vann Ayiti pwodui pewolyè yo.

Leta pèdi 46 milya goud chak mwa akoz dwa dwàn yo genyen sou ponp yo, yon montan ki ka depase 753 milyon dola ameriken ane sa.

Kòmand gaz yo toujou fè an goud pandan goud la kontinye ap pèdi valèl an fas dola ameriken nan dènye jou sa yo.Menmsi pri gaz la rete stab nan mond lan, akoz goud la ap bese nan valèl sa ap toujou rete yon pèd pou leta ayisyen.

An Repiblik Dominikèn yo vann gazolin ak dizèl la 4$ 73 ak 3$ 64.Pandan an Ayiti yo vann pwodui sa yo 2$ 48 ak 1$ 98. Pri gaz la ki parèt a pi ba pri lakay nou pandan leta ap pèdi lajan sou petwòl kap vann yo.

Akoz de goud la kap pèdi valèl Ayiti pa sispann gen pwoblèm koz majorite pwodui nap itilize se an dola nou achte yo pandan dola pa janm sispann monte de jou an jou.

Florestal Wilky

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ayiti/Eleksyon: San pèdi tan, manm bout KEP yo fòme biwo yo.

Nan mwens ke 24è, apre yo te fin prete sèman e estale kòm manm KEP …