AYITI ESPÒ:REAL HOPE KALIFYE POU FINAL SERI ALE D1 AN ANBA REDI.

 

Jan sa te anonse, demi final retou chanpyona nasyonal premye divizyon ki te dwe jwe ant Real Hope ak Tempête FC a rive jwe samdi 2 jwen 2019 la. E se anba redi ekip Okap la rive kalifye aprè plis pase 120 minit ap jwe.

Match ale a ki te jwe Senmak te fini 1-1. Nan match retou a, Real Hope te jwenn ouvèti eskò a gras ak Roody Joseph malerezman pou yo Peterson Joseph ta pral jwenn gòl egalizasyon an kèk minit aprè. Premye mitan an te fini 1-1, e dezyèm nan pat gen gòl. Sa ki te oblije de ekip yo ale nan pwolongasyon. Malgre sa, yonn pat rive koube devan lòt jiskaske yo rive nan seyans tire nan kan an kote aprè yo te fin tire 7 fwa, Real te reyisi kalifye koz li te rate yonn, Tempête rate 2. Sa ki fini 6-5 aprè pwolongasyon. Chemen an te long pou Rinosewòs yo men yo ka kontan pou konnya paske yo jwenn sa ki te esansyèl la ki se te biyè kalifikasyon yo pou final seri ouvèti chanpyona nasyonal premye divizyon an.

Real kap chèche yon lot tit nasyonal pou premye divizyon an kapab espere jwenn li koz yo rive nan moman verite a. Men e si nou jwenn yon ASC-Real nan final la ? Nap swiv.

Seriphin Godson.

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Le Canada, la Copa América et les questions brûlantes

Le Canada à la Copa América, on y est presque ! Le match de l’unifolié …