AYITI/SPÒ: ARCAHAIE FC CHANPYON POU PREMYE FWA NAN CHANPYONA NASYONAL D1 AN NAN LISTWA LI

Pou premye fwa depi li egziste, ekip AFC a soulve premye twofe li nan chanpyona nasyonal premye divizyon pou gason an sou ekip Real Hope la nan bab fanatik li yo nan Pak Senviktò Okap.

Malgre tout tansyon peyi a gen, match sa te rive jwe jan sa te prevwa a ayè dimanch 9 jwen 2019 la nan Pak Senviktò Okap yon fason pou te detèmine tout bon kiyès kap chanpyon seri ouvèti a, Ekip AFC pat manke yo. Aprè S. Desamours te fin enskri sou penalite yon gòl pou RHFA nan premye mitan an, nan 36èm minit, pat gen twop okazyon pase sa nan match la. Men AFC te jwenn yon gòl nan mwens ke 10 minit pou match la fini gras ak Clifford Thomas nan 85èm. Ekip lokal la te twouve li nan gwo difikilte paske match ale a te fini 1-0 Jedi pase a an favè AFC. Eskò a te pèsiste jiskaske abit santral la mete yon bout nan match sa. E tout bon vre nou ka konsidere AFC kom ekip ki fè kè moun Okap yo mwens kontan pou moman an nan jwèt la.

Aprè defèt yo fas a Don Bosco nan final ane pase, jounen Glwa a rive pou yo, e yo triyonfe’l san tranble. Bravo pou AFC !

Seriphin Godson.

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Le Canada, la Copa América et les questions brûlantes

Le Canada à la Copa América, on y est presque ! Le match de l’unifolié …