GOLD CUP: FRANTZDY PIERROT BAY AYITI YON VIKTWA E TOU ANTRE NAN LISTWA.

Malgre seleksyon ayisyèn nan ta pral pran premye gòl nan match la, sa ki te fè ekip Bèmid la mennen (1-0), sa pat anpeche Grenadye yo batay pou jwenn 2 gòl ki ta pral ba  yo viktwa (2-1) jodi dimanch 16 jwen 2019 la pou premye soti yo nan 15zyèm edisyon konpetisyon sila.

Se nan 45′ minit match foutbòl la ekip Bèmid la ta pral ouvè eskò gras ak yon gòl Dente Levrock te make. Malgre yo te twouve yo nan difikilte aprè yo te fin pran gòl la poulen Marc Collat yo pat bese lèbra, yo te kontinye atake pou jwenn yon gòl egalizasyon an aprè pou yo te al chèche yon dezyèm gòl ki pou ba yo viktwa.

Aprè anpil okazyon Grenadye yo te rate sitou avèk Pierrot sa pat anpeche yo rete konfyan.
Nan premye mitan se te yon ekip ayisyèn ki tap jwe san vizyon, yo te pèdi anpil balon men nan dezyèm mitan nou ta pral jwenn yon pi bèl ekip ayisyèn sitou avèk Sabbat ki te antre pou pote san nèf nan ekip la.

Nan 53 zyèm minit Ayiti ta pral jwenn gòl egalizasyon gras avèk Frantzdy Pierrot epi ankò yon lòt fwa nan 66 zyèm minit jwèt la se menm Pierrot sa ki pral make yon dezyèm gòl pou mete match la (2-1) anfavè Grenadye yo.

Gras avèk double sa, Frantzdy Pierrot tou antre nan istwa foutbòl seleksyon nasyonal ayisyen an kote li pase kòm premye jwè ayisyen ki make yon double si rapid konsa.

Yon double ki pèmèt Ayiti rache yon twa pwen ki enpòtan pou li epi pou kontinye konpetisyon an avék plis konfyans.

Florestal Wilky

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Le Canada, la Copa América et les questions brûlantes

Le Canada à la Copa América, on y est presque ! Le match de l’unifolié …