KOPA AMERIKA: CHILI LAPIDE EKIP JAPON AN.

Pami 2 peyi envite kap patisipe nan Kopa Amerika a ,ayè lendi lendi 17 jen 2019 la se Japon ki tap jwe ak ekip Chili a yon match kote chilyen yo bay japonè yo yon leson foutbòl, li ba yo 4 gòl a zewo (4-0).

Se te yon ekip Chili ki te san pitye pou peyi azyatik la, seleksyon chilyèn nan ki ta pral kòmanse festival la nan fen premye mitan an avèk Pulgar nan 41′ ta pral make yon premye gòl.

Premye mitan te fini (1-0) anfavè chilyen yo. Nan dezyèm peryòd la se ta pral peryòd lapidasyon an avèk Vargas ki tapral fè yon double 54′ ak 83′ epi Alexis Santchez te make yon gòl nan 82′.

Ekip Chili an se ekip ki te ranpòte 2 dènye edisyon Kopa Amerika yo nan lane 2015, 2016.
Yon ekip Chili ki kontinye ap montre li gen anpil kalite lakay malgre Japon pa yon si gran advèse pase sa.

Apre bèl viktwa sa Chili tou voye yon mesaj bay ekip kap gen pou afwonte’l yo nan konpetisyon sa li kenbe pou li depi 2 dènye edisyon yo.

Florestal Wilky

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Le Canada, la Copa América et les questions brûlantes

Le Canada à la Copa América, on y est presque ! Le match de l’unifolié …