AYITI/LANMÒ: YON ISTORYEN AYISYEN MOURI.

Istoryen ayisyen Michel Hector mouri a 88 lane nan lannwit vandredi 5 jiyè 2019 lakay li nan zòn Nèrèt ki twouve li nan komin Petion ville.

Michel Hector te istoryen epi pwofesè nan inivèsite leta a, li te direktè sant rechèch sosyolojik epi istorik, li te prezidan sosyete ayisyèn istwa ak jewografi komite bisantnè endepandans Dayiti nan lane 2009. Michel Hector te ekri plizyè liv sosyo istorik nan tèt kole ak sosyològ Laennec Hurbon. Istoryen an te otè ouvwaj Génèse de l’Éta Haïtien” (1804-1859) ki te soti nan
Éditions de la Maison des Sciences de l’Homme nan vil Pari peyi Lafrans nan lane 2009.

Michel Hector te genyen meday Jean Price Mars la nan lane 2016 pou gwo travay li te fè nan domèn rechèch nan syans imèn ak syans sosyal, anpil moun te apresye istoryen an sitou etidyan li yo ak moun ki te pwòch li pou kalite li te genyen.

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ayiti/Eleksyon: San pèdi tan, manm bout KEP yo fòme biwo yo.

Nan mwens ke 24è, apre yo te fin prete sèman e estale kòm manm KEP …