KOPA AMERIKA: BREZIL RANPÒTE 46ZYÈM EDISYON KOPA AMERIKA A.

Aprè 12 lane san ranpòte tit sa, Brezil  nan gran final ki te mete’l fas ak ekip Pewou a ayè dimanch 7 jiyè 2019 la, li selebre laviktwa lè li fè tonbe  pewouvyen yo (3-1).

Se te yon bèl match nan premye peryòd la avèk anpil bèl jwèt bòkote de (2) ekip yo. Pewou ki te parèt diferan parapò ak match li te jwe ak Brezil nan faz de poul la. Se gras avèk Everton nan 15zyèm minit poulen Tite yo ta pral jwenn ouvèti eskò a aprè yon bèl travay Dani Alves te fin fè pou bay Gabriel Jesus balon an ki fè yon bèl sant pou Everton ki te nan yon bon pozisyon ideyal pou mete balon an nan filèa.

Ekip Pewou a ta pral mennen yon atak nan 44triyèm minit yo ki ta pral pèmèt yo benefisye yon penalite, se Gerrero ki ta pral transfòme penalite a an gòl pou pèmèt seleksyon pewouvyèn nan egalize (1-1). Men Gabriel Jesus ta pral bay selesao a avantaj la nan 45kyèm minit jwèt la.

Nan dezyèm peryòd la brezilyen yo te kontinye ap atake men pewouvyen yo ta pral met plis presyon men yo pat arive jwenn chemen filè a, ekip Brezil la ta pral jwe an mens akoz gen Jesus ki ta pral kite teren an akoz yon katon wouj li ta pral pran aprè li te fin fè yon fot.
Malgre ekip Tite a tap jwe an mwens ekip pewouvyèn nan te eseye gen kontwòl jwèt la men yo pat janm ka jwenn gòl egalizasyon an jiskaske nan fen match ekip Brezil la tapral jwenn yon penalite pou mete match la (3-0).

Aprè 12 lane yo fè san ranpòte’l, bèl viktwa sa ekip brezilyèn nan pase a 9 Kopa Amerika depi lè yap jwe konpetisyon sila.

Florestal Wilky

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Le Canada, la Copa América et les questions brûlantes

Le Canada à la Copa América, on y est presque ! Le match de l’unifolié …