AYITI ENSEKIRITE: YON POLISYE RESEVWA TWA BAL ANNDAN KOMISARYA BASEN BLE A.

Bandi yo pa idantifye antre nan sou komisarya basen ble a samdi 6 jiyè 2019 la yo tire yon polisye epi yo soti san pwoblèm yal fè wout yo.

Bandi sa yo ki te sou moto bay polisye Jhonny Biusseth twa (3) bal, de (2) nan men youn tou pre kè li anndan komisarya menm selon enfo nou rive jwenn, popilasyon an te kouri pran polisye a e mennen li lopital pou te ka ba li lavi apre tout imèjennsi doktè yo te fè yo te rive opere polisye a men sa pat anpeche polisye a mouri nan jounen dimanch 7 jiyè 2019 la.

Yon nouvèl ki mete anpil tristès nan mitan moun kap viv nan komin Basen ble, selon plizyè moun polisye a pa konn nan kont ak moun el te toujou fè travay jan li dwe fèl, yo mande otorite yo pou fè limyè sou krim sila.

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ayiti/Eleksyon: San pèdi tan, manm bout KEP yo fòme biwo yo.

Nan mwens ke 24è, apre yo te fin prete sèman e estale kòm manm KEP …