AYITI/VIZIT: VIZIT PREZIDANT PEYI TAYWANN NAN  PEYI DAYITI.

Prezidant peyi Taywann nan Tsai Ing-wen ki te gen avèk li plizyè otorite nan gouvènman peyi li an ak plizyè biznisman vizite peyi Dayiti samdi 13 jiyè 2019 la.

Prezidant Tsai Ing-wen ki te pran la pawòl nan yon pwen de près ak prezidan repiblik la Jovenel Moise salye pèp ayisyen e remèsye prezidan repiblik la ak madanm li Martine Moise pou envitasyon an. Madam Tsai Ing-wen  felisite omològ li Jovenel Moise pou efò lap fè pou devlope peyi a, Tsai Ing-wen swete pou gen stabilite politik ak sosyal nan peyi Dayiti.

Prezidan repiblik la bò kote pa li li fè konnen san lapè ak stabilite nan peyi a pwojè yo pap ka reyalize, prezidan an te pale de plizyè pwojè ki gentan kòmanse tankou 20 mil system ponpaj solè ki pral gen pou wouze 2 mil ekta tè nan divès depatman nan peyi a, pwojè pou bay kouran 24/24 nan tout peyi a, konstriksyon yon rezo eletrik pou site sila yo.

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ayiti/Eleksyon: San pèdi tan, manm bout KEP yo fòme biwo yo.

Nan mwens ke 24è, apre yo te fin prete sèman e estale kòm manm KEP …