AYITI/PNH: YON NOUVO DIREKTÈ AI NAN TÈT POLIS NASYONAL LA.

Prezidan repiblik la Jovenel Moïse ranplase jodi madi 27 out 2019 la DG PNH la Michel Ange Gédeon nan yon arete ki pote siyati li, siyati premye demisyonè a Jean Michel Lapin ak minis jistis la Jean Roody Aly.

Normil Rameau se nou Dg ai PNH la selon arete a, li ranplase Michel Ange Gedeon nan pòs sa ke mandan li fini.

Premye minis demisyonè Jean Michel Lapin pat pran tan, tou swit apre arete a te fin soti li te al mete Normil Rameau nan pòs li, yon seremoni te òganize nan direksyon jeneral enstitisyon polis la nan Petion vil an prezans ansyen DG PNH la Michel Ange Gedeon, dwayen tribinal premye enstans Potoprens lan mèt Bernard Saint-Vil ak kèk manm nan wo kòmandman lapolis la.

DG ai PNH la Nomil Rameau nan diskou li, li remèsye prezidan repiblik la paske li kwè nan li, li tou pwofite mande polisye yo pou yo kontinye travay nan pwoteje ak sèvi popilasyon an.

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ayiti/Eleksyon: San pèdi tan, manm bout KEP yo fòme biwo yo.

Nan mwens ke 24è, apre yo te fin prete sèman e estale kòm manm KEP …