AYITI DIVIZYON : GWO BIF ANT YON SENATÈ AK YON MAJISTRA.

25 out 1699 se dat komin Senlwi di sid te jwenn nesans li sou lòd wa fransè Louis XIV, pou 25 out 2019 la gwo deblozay eklate ant administrasyon minisipal komin nan ki gen nan tèt li majistra Luc Edwin CEIDE avèk staf senatè Hervé FOUCAND ki te bay patisipasyon li pou reyalizasyon fèt patwonal komin nan.

Majistra komin nan Luc Edwin CEIDE bò kote pa li pou montre dezakòl ak senatè a bay lòd nan lasware 26 out 2019 lan pou kraze stang senatè sid lan Hervé FOUCAND te ofri pou popilasyon Senlwi di sid la nan kad fèt patwonal komin nan.

Selon deklarasyon kèk abitan nan komin Senlwi di sid divizyon sa se pi gwo pwoblèm komin nan ap sibi ki koz apre 320 lane komin nan pako janm wè chimen devlopman.

josephjemsley814@gmail.com

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ayiti/Eleksyon: San pèdi tan, manm bout KEP yo fòme biwo yo.

Nan mwens ke 24è, apre yo te fin prete sèman e estale kòm manm KEP …