Ayiti/Sante: (DSO) òganize yon tab sektoryèl sou tèm « yon kolaborasyon responsab ak stratejik »

Direksyon depatmantal lwès (DSO) ki anndan ministè sante piblik ak popilasyon an (MSPP), òganize yon tab sektoryèl sou tèm » yon kolaborasyon responsab ak stratejik », ant diferan aktè pou yon kouvèti sante inivèsèl//nan kad yon ti koze ak laprès jounen vandredi 23 dawout 2019 la

Martial Beneche direktè (DSO) a, fè konnen aktivite sila òganize nan lide pou amelyore kalite sèvis direksyon depatmantal lwès la ap bay nan sa ki gen pou wè ak kesyon swen sante popilasyon Ayisyèn nan

Pilwen direktè (DSO) a deklare chita sa ki fèt ant plizyè alye nan sektè sante a, se pou poze pwoblèm sanitè sante a yon mannyè pou pèmèt malad yo jwenn swen yo nesesite

Pou fini Martial Beneche lanse yon apèl ak chak Ayisyen kotel fè konnen si yo ta santi yon malèz yo pat konn abitye genyen li bon pou konsolte yon sant sanitè.

 

Otè:Anderson PHEBE

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ayiti/Eleksyon: San pèdi tan, manm bout KEP yo fòme biwo yo.

Nan mwens ke 24è, apre yo te fin prete sèman e estale kòm manm KEP …