ESPÒ/LIGA: FC.BARCELONE REVEYE, REAL MADRID FRENNEN.

Apre ekip FC.Barcelone nan te fin tonbe nan premye jounen an (0-1) devan ekip Athletic Bilbao, Baselonè yo reveye ayè dimanch 25 out 2019 la nan dezyèm soti yo kote yo sapata ekis Betis la (5-2) malgre Fekir ta pral ouvri skò a pou Betis Seville nan 15zyèm minit nan jwèt la, fransè a Griezman fè de (2) gòl nan match la (41′ 50′), Perez Sayol make nan (56′), J.Alba (56′), A.Vidal (77′) epi L.Moron ta pral make yon dezyèm gòl pou Betis (79).

Ekip Real Madrid la bò kote pa li frennen samdi 24 out 2019 la devan ekip Valladolid la (1-1) Fransè a ta pral ouvri skò a pou Madrilèn yo nan (82′), S.Guadiola ta pral egalize pou ekip Valladolid la nan (88′).

Gras ak Vitolo nan (71′) ekip Atletico Madrid la fè yon bout viktwa (0-1) sou ekip Leganés la.

Rezilta match dezyèm jounen liga a nan peyi Lespay.

FC.Grenade-FC.Seville (0-1).
Levante-Villareal (2-1).
Osasuna-Eibar (0-0).
Real Madrid-Valladolid (1-1).
Getafe-Athletic Bilbao (0-0).
Celta Vigo-FC.Valence (1-0).
Majorque-Real Sociedad (0-1).
Alaves-Espanyol Barcelone (0-0).
Leganés-Atletico Madrid (0-1)
FC.Barcelone-Betis Seville (5-2).

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Le Canada, la Copa América et les questions brûlantes

Le Canada à la Copa América, on y est presque ! Le match de l’unifolié …