*Ayiti/Ensekirite: »Kri Moun kafou » òganize yon Sit-in kont ensekirite*

« Kri moun kafou » denonse zak ensekirite ki pa sispann taye banda nan matisan ak bisantnè depi kèk tan, nan kad yon Sit-in yo tanmen devan lokal gad kòt yo//jounen jedi 29 dawout 2019 la

Jacques Bauvil depite komin kafou a, ki te prezan nan aktivite sila fè konnen prezans li se yon obligasyon nan sin solidarite ak popilasyon an pou di non ak ensekirite epi pwofite mande ak leta santral pou fè sak nan posib yo yon mannyè pou lapè ka tabli nan kominote a.

Pilwen depite Jacques Bauvil fè konnen moun ki pa vin envesti nan komin nan ta lakoz yo reprezante yon zòn majinalize, e abitan yo dwe pase nan twazyèm sikonskripsyon chak jou ki jou yon fason pou al chache pen kotidyen

Pou fini ansyen majistra komin kafou a Yvon Jerôme, sou bò pal fè konnen kri sa ki fèt jodia se yon kri revòlt ki ale dirèkteman nan zòrèy moun kap alimante jèn fi ak jèn gason nan twazyèm sikonskripsyon an nan kesyon zam ak otorite ki konsène yo, epi fè konnen si tout fwa lapè pa tounen nan yon dèle ki pa long yap pase nan yon lòt etap kap batize « nou tout ka pran bal »

 

Otè: Anderson PHEBE

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ayiti/Eleksyon: San pèdi tan, manm bout KEP yo fòme biwo yo.

Nan mwens ke 24è, apre yo te fin prete sèman e estale kòm manm KEP …