AYITI/PETROKARIBE: ANSYEN PREMYE MINIS LAURENT LAMOTHE REPONN AK ENVITASYON JIJ RAMONCITE ACCIME.

Byen bonè maten vandredi 30 out 2019 la ansyen premye minis Laurent Salvador Lamothe prezante nan palè jistis sou Bisantnè a kote li tal reponn kesyon jij Ramoncite Accimé.

Laurent Lamothe ki akize kòm youn nan moun ki ta gaspiye nan lajan petwo a mal nan yon seri pwojè ki te gen pou fèt nan peyi a.

Ansyen premye minis lan te gen envitasyon jij Ramoncite ki chaje pou fè limyè sou jan petwo karibe a te depanse prezante li ak avoka li Mèt Mario Delcy nan palè jistis.

Laurent Lamothe ki te trè kal nan palè jistis la pa fè okenn deklarasyon nan mikwo laprès.

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ayiti/Eleksyon: San pèdi tan, manm bout KEP yo fòme biwo yo.

Nan mwens ke 24è, apre yo te fin prete sèman e estale kòm manm KEP …