Ayiti/Gaz: Komisè gouvènman aken an entèdi ak tout pwopriyetè ponp vann gaz nan galon.

Aprè yon rankont li te gen ak tout pwopriyetè ponp nan aken vendredi 13 septanm nan, komisè gouvènman aken an, Mesye Roosevelt Louis, entèdi ak tout mèt ponp vann gaz nan galon kontrèman ak jan sa te konn fèt avan.

Nan yon entèvyou li bay ak radyo intervalle jounen samdi 14 septanm 2019 lan , nimewo 1 pakè a fé konnen li pran mezi sa yon fason pou evite mache nwa kap fèt nan komin nan. Daprè li anpil moun ki achte gaz nan galon yo se pou yo al revann byen chè aprè. Li anonse tout dispozisyon deja pran ansanm ak lapolis pou fòse tout moun respekte desizyon sila a.
Toutfwa li fé konnen yon enstitisyon ki ap achte gaz dwe mache ak yon papye ekri pou justifye sa.

Nap fé remake desizyon sa vini a anviwon 3 semèn depi gen yon ratman gaz nan tout peyi a. Devan tout ponp se nan gwo anbouteyaj ak bouskilad pou yon moun rive jwenn ti gout gaz.

Gédéon DELVA

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ayiti/Eleksyon: San pèdi tan, manm bout KEP yo fòme biwo yo.

Nan mwens ke 24è, apre yo te fin prete sèman e estale kòm manm KEP …