AYITI//PWOTESTASYON: PANIK NAN KÈK NAN ZÒN NAN PÒTOPRENS

Byen bonè maten Dimanch 15 septanm 2019 la plizyè chofe moto deside bloke kèk zòn nan pòtoprens lan tankou devan Stad Sylvio cator, devan hôtel Oasis nan lide pou mande mouche leta bayo gaz pou yo fonksyone.

Chofè sa yo kite pale ak sal nouvel Écho Jounal la fè konnen yap kenbe béton jiskaske leta a reponn ak revandikasyon yo, pi lwen yo deklare yo paka soufri ankò paske yo wè bagay yo ap vin pi di de jou an jou.

Poun fini nap fè konnen sa fè plis pase Yon mwa depi pèp la paka jwenn gaz pou yo fonksyone,,, semèn pase a premye minis a i Jean Michel Lapin te anonse gen konbyen baril petwòl ki sou dlo ap vini, jiskaprezan gaz sa sanble pako rive an ayiti toujou.

Otè : Malvoisin Louisias Diego

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ayiti/Eleksyon: San pèdi tan, manm bout KEP yo fòme biwo yo.

Nan mwens ke 24è, apre yo te fin prete sèman e estale kòm manm KEP …