AYITI/ENSEKIRITE:PREZIME CHÈF GANG TI BWA A MANDE OTORITE KONSÈNE YO PRAN RESPONSABLITE YO.

Chèf gang nan ti bwa a anpil moun konnen sou nom « Chrisla » mande ak otorite konsène yo pou pran responsablite yo, yon mannyè pou ka met lapè nan twazyèm sikonskripsyon an// nan kad yon entèvyou li akòde ak radyo nan kapital la jounen lendi 16 septanm 2019 la

Prezime chèf gang nan pran pozisyon sou konjonkti aktyèl peyi a kote li fè konnen malgre jan yo majinalize moun kap viv nan ti bwa li pap aksepte pèsòn vin fè dezòd lokalite kote lap dirije a

Pou fini chrisla voye yon sinyal klè bay konsène yo kote li fè konnen si tout fwa yo pa pran responsablite yo bagay yo ap chanje.

 

Otè:Anderson PHEBE

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ayiti/Eleksyon: San pèdi tan, manm bout KEP yo fòme biwo yo.

Nan mwens ke 24è, apre yo te fin prete sèman e estale kòm manm KEP …