Nan Katriyèm jounen chanpyona dEspay la gen anpil bèl viktwa ki kreye sansasyon sitou avèk Real Sociedad ki mete prensip sou Atletiko Madrid le li bat (2-0)san bliye Valence ki tonbe fas ak Barcelone (2-5).
Men kijan sa te ye:
Majorque fè nil (0-0) ak A.Bilbao, Real Madrid konsève la viktwa (3-2) fas ak Levante, Leganes tonbe (3-0) fas ak Villa Real epi gen Barcelonne ki bonbade Valence 5 gòl a 2, Eibar tou bòkote pa l fè fopa lè l tonbe (1-2) fas ak Espanyòl, Real Betis fè (1-1) avèk Getafe epi Seville tape Alaves (1-0).
Apre joune sa men koman klasman ye ak 5 premye ekip yo. Se ekip Seville an ki an premye pozisyon ak 10 pwen ATM vin an dezyèm pozisyon ak 9 pwen epi se poulen Zidane yo Real Madrid ki an twazyèm pozisyon ak 8 pwen,Atletik Bilbao an katriyèm ak 8 pwen tou epi an bon senkyèm se ekib Barcelone nan ak 7 pwen.
Florestal Wilky