AYITI/ESPÒ: KATRIYÈM JOUNEN CHANPYONA NASYONAL LA CHAJE VIKTWA.

Nan kad katriyèm jounen chanpyona ayisyen foutbòl pwofesyonèl la pou seri kloti 2019 la nou anrejistre 6 viktwa sou 8 soti Samdi 14 septanm pou rive 15 septanm nan.

Sa te kòmanse dabò ak ekip Cosmopolite la ki fè tonbe Fica 1-0 depi nan samdi. Epi nan dimanch 15 septanm 2019 la kayen yo ta pral kriye la viktwa lakay yo lè America bat Real du cap 1-0 pandan Triomphe limenm ta pral tonbe 0-1 lakay li fas ak senmakwa Tempête yo. Toujou nan katriyèm jounen an ekip bèl jèn mitan tèren seleksyon nasyonal la Steven Saba an palan de Viollete, li bat Cavaly AS 2-1. Pou kontinye seri viktwa yo Don Bosco tape Ouanaminthe 3-2 epi Baltimore mete Racing CH nan plis difikilte lè li bat li 1-0

Se pat sèlman viktwa ki te fèt nan katriyèm jounen an paske gen AS Capoise ki pa fè miyò pase yon nil fas ak AS Mirbalais, se yon match ki fini sou yon eskò vyèj (0-0).Epi se pa diferan pou ekip site drapo a, Arcahaie ki fè 0-0 ak Racing FC ki yo chak pran yon grenn pwen.

Pandan katriyèm jounen sila ekip kapital la RCH konnen yon katriyèm defèt sa ki pa ditou de ak fanatik yo sitou ekip sila ka relege si dirijan yo ak jwè yo pa mete men nan pat la paske fòk yon travay pou fè viktwa nan pwochen jounen yo.

Florestal Wilky

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Le Canada, la Copa América et les questions brûlantes

Le Canada à la Copa América, on y est presque ! Le match de l’unifolié …