AYITI/POLITIK: BOUJWAZI A DISTRIBIYE GWO LAJAN BAY MÈT PONP GAZ YO POU PA GEN DISTRIBISYON KI FÈT.

Manb òganizasyon fòs sosyalis Ayiti yo fè konnen pou kapab soulve kòlè popilasyon an, boujwazi a ki gen kontwòl majorite enstitisyon nan peyi a bay chak mèt ponp gaz twa milyon (3 000 000) goud pou anpeche distribisyon gaz la fèt.

Sa k’ap fasilite tout aktivite rete paralize spesyalman lekòl yo, desizyon sa ap pèmèt chèf leta gen plis presyon pou demisyone.

Manb òganizasyon fòs sosyalis Ayiti lonje dwèt sou Réginald BOULOS, Dimitri VORBE avèk kèk palmantè ki mete ansanm pou bay mèt ponp gaz yo gwo lajan pou toujou kenbe peyi a nan kriz poplitik sa ki pa nan enterè popilasyon an.

Pou fini yo mande chèf leta louvri jel epi mande sena fè seyans ratifikasyon premye minis nome a sa k’ap pèmèt peyi a gen yon nouvo gouvènman apre plizyè mwa.

josephjemsley814@gmail.com

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ayiti/Eleksyon: San pèdi tan, manm bout KEP yo fòme biwo yo.

Nan mwens ke 24è, apre yo te fin prete sèman e estale kòm manm KEP …