LEMOND/ESPÒ/LIGDÈCHANPYON: MESSI RETOUNEN!

Se nan match ki konte pou premye jounen ouvèti pi gwo konpetisyon klèb yo ajanten an ap fè retou li sou tèren pou afwonte klèb alman an apre kèk tan depi li te absan.

Yon match tout fanatik balon won yo ap tann sitou tifozi Barcelone yo. Se nan peyi Almay nan estad Signal Iduna Park la ki gen yon kapasite 81,360 asistan match sa pral dewoule.

Barcelone pibliye yon fòmasyon pwobab ki pa gen Messi ladan men ajanten antrene ak ekip la epi li nan lis jwè kap la pou afwonte eki Durtmond nan.

Dezè (2h)nan aprè midi se nan lè sa Ovidiu Hategan ap bay kout siflè pou kòmanse brase boul, li se yon abit woumen ki gen 39 lane.

Avèk retou sipèsta Barcelone nan Leo Messi, katalan yo espere pote laviktwa. Se pral yon djèl Alman kont espanyòl, kap mete Lucien Favre anfas Varverde.

Ki ekip ki pral genyen match sila? Nap ka jwenn repons la apre 90 minit boul yo fin ekoule, Randevou a 2zè nan lè ayisyèn pou nou viv bèl rankont sila.

Florestal Wilky

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Le Canada, la Copa América et les questions brûlantes

Le Canada à la Copa América, on y est presque ! Le match de l’unifolié …