ESPÒ/LIGDÈCHANPYON: PSG MASPINEN EKIP REAL MADRID LA.

Malgre absans triyo majik yo a PSG fè Parc des Princes lan tranble avèk yon Angel Di Maria ki fè yon double ki fè parizyen yo kase met nan men Real Madrid (3-0).

Entènasyonal ajanten an ta pral fè premye gòl la avèk konplisite gadyen madrilèn nan Courtois nan 14 zyèm minit match la. Malgre poulen Zidane yo tap eseye mete presyon pou yo jwenn egalizasyon an men sa ki pat ditou fasil fas ak yon bon Navas ki te anfas ansyen klèb li ki pat vle pran gòl.

Angel Di Maria nan 33 zyèm minit yo ta pral jwenn chemen filè a pou mete match la (2-0). Malgre prezans Azard, James san nou pa bliye Benzema ekip Real la pat ka fè miyò ke sa jiskaske nan fen match la oswa 90+1 minit Thomas Meunier ta pral kuit kawòt lè li make yon twazyèm gòl pou PSG. Yon ekip Parizyèn ki pote laviktwa san Neymar, san MBape epi san Cavani.

Gras avèk viktwa sa PSG gen avantaj sou madrilèn yo ki pral gen anpil travay pou yo fè nan match retou a.

Florestal Wilky

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Le Canada, la Copa América et les questions brûlantes

Le Canada à la Copa América, on y est presque ! Le match de l’unifolié …