ETAZINI/IMIGRASYON: DONALD TRUMP POU YON LÒT FWA MANDE KOUPE PWOGRAM TPS AYISYEN YO.

Nan yon dokiman 71 paj ki depoze nan depatman sekirite enteryè, daprè Jounal « MIAMI HERALD », Avoka ministè jistis ameriken an fè konnen jij William F. KUNTZ nan distri Ès nan New York te fè yon erè lèl te bay yon lòd nasyonal tanporè pou kanpe anfas sekirite enteryè a kite vle voye Ayisyen ki nan pwogram TPS yo tounen nan peyi yo.

Jij KUNTZ  fè konnen desizyon li te pran nan mwa avril pase se koz desizyon sekretè sekirite enteryè Elain DUKE te pran nan epòk sa kite yon desizyon politik kite vize swasant mil (60 000) Ayisyen avèk pitit yo ki fèt sou tèritwa Ameriken an kit’ap gen yon prejije san reparasyon pou ta koupe pwogram TPS la.

Avoka k’ap defann imigran yo sou dosye TPS la ki gen dis (10) Ayisyen avèk yon jounal Ayisyen epi yon òganizasyon fanm (FAMILY ACTION NETWORK MOVEMENT) ki chita kòl nan Miami fè konnen desizyon sekretè DUKE pran pou koupe TPS Ayisyen yo se yon desizyon diskriminasyon sou nwa yo ki gen dèyèl prezidan Ameriken an.

Plizyè òganizasyon ki gen nan tèt yo moun k’ap defann imigran yo sou dosye TPS la ki sòti nan mitan plizyè lòt peyi tankou : Ayiti, Salvadò, Nikaragwa ap tann antre palmantè yo pou yon lòt ane lejislatif pou mande ak sena Ameriken an mete pwojè ki sanble avèk HR6 (DREAM AND PROMISE ACT) kite vote nan chanm depite a 7 jwen pase an pou bay imigran yo ki evalye a de (2 000 000) ki ilegal rezidans daprè Farah LARRIEUX kit’ap reyaji avèk « LE NOUVELLISTE »

josephjemsley814@gmail.com

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ayiti/Eleksyon: San pèdi tan, manm bout KEP yo fòme biwo yo.

Nan mwens ke 24è, apre yo te fin prete sèman e estale kòm manm KEP …