LEMOND/ANVIWONMAN: MANIFESTASYON NAN PEYI LAFRANS

Plizyè milye moun manifeste byen bonè samdi 21 septanm 2019 la nan peyi la frans nan lide pou di non ak rechofman klimatik la.

Manifestasyon sila ki te rasanble bò jaden Louxenbourg la, ki tou prè kapital la ,te reyini anpil sendika nan sektè transpò a.

Manifestan yo te tou pwofite moman an pou reklame jistis sosyal epi pou mande otorite yo panse ak anviwonman an kap degrade chak jou pi plis.

Nan menm mouvman sila ekip jilè jaune nan te rejwenn manifestan yo toujou nan yon sel optip pou reklame yon anviwonman pwòp epi refòm nan sistèm retrèt la.

Pi lwen pwotestatè yo mande otorite yo pou aji pi rapid yon fason pou sitiyasyon rechofman klimatik la rive amelyore.

Nap fè remake rive yon moman mouvman sila te rive konvèti ak vyolans sa ki ta pral pwovoke lapolis ki te oblije aji yon fason pou te gaye foul la ak gaz lakrimojèn

Poun fini nap fè konnen 7500 polisye te rive mobilize nan kapital la jounen samdi 21 septanm 2019 ,la yon fason pou te fè prevansyon kont tout panik ak vyolans pandan dewoulman mouvman sila.

Rikenson Fulgeance

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ayiti/Eleksyon: San pèdi tan, manm bout KEP yo fòme biwo yo.

Nan mwens ke 24è, apre yo te fin prete sèman e estale kòm manm KEP …