AYITI/LAPRÈS: LAPRÈS DWE RETE YON GWO FÒS NAN SOSYETE A POU TRAVAY SPESYAL YO FÈ POU TOUJOU ENFÒME POPILASYON AN DAPRÈ V.J.L.P

Vizyon jounalis pou libète laprès (V.J.L.P) mande tout medya yo avèk asosiyasyon medya yo leve vwa yo pou fè yon sèl pou mande otorite yo avèk lòt moun ki toujou entimide jounalis yo sispann atake yo nan egzèse travay yo.

Kote plizyè medya avèk jounalis ap sibi gwo menas pou mete baboukèt nan bouch yo pou pa enfòme popilasyon an jan sa dwe fèt, e pwofite pote senpati bay tout medya ak jounalis ki viktim, paske san laprès pa gen enfòmasyon.

Pafwa moun sa yo pran pretèks pou di yon medya oubyen yon jounalis ap sipòte gouvènman oubyen opozisyon sa ki gen konsekans sou jounalis yo avèk fanmi yo.

V.J.L.P wete chapo pou salye tout patwon medya, tout asosiyasyon medya, tout jounalis ki pa renonse avèk pwofesyon yo malgre gen gwo malè ki pandye sou tèt yo, e pwofite remèsye popilasyon an ki toujou bay medya yo enpòtans malgre vye pawòl dwat gòch yo pa sispann di sou yo.

josephjemsley814@gmail.com

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ayiti/Eleksyon: San pèdi tan, manm bout KEP yo fòme biwo yo.

Nan mwens ke 24è, apre yo te fin prete sèman e estale kòm manm KEP …