AYITI/POLITIK: « MOUVMAN KALMASON » SE KONSA PPVA BATIZE JOUNEN MOBILIZASYON 27 SEPTANM NAN

Platfòm politik viv Ayiti (PPVA) batize « Mouvman kalmason » jounen mobilizasyon plizyè manm nan opozisyon politik la lanse nan dat vandredi 27 septanm ki gen pou vini la// nan kad yon konferans yo bay ak laprès jounen jedi 26 septanm 2019 la

Pòt pawòl (PPVA) a Rony Timothée nan entèvansyonl jije moun ki ta atake kay manman jounalis vedèt Radio Kiskeya a Liliane Pierre Paul, kom yon gwoup bandi pouvwa anplas la angaje pou enfiltre mouvman popilè a yon fason pou yon bon pati nan popilasyon an diskredite mouvman popilè a

Pilwen pòt pawòl la fè konnen sak fè yo batize jounen mobilizasyon an kom mouvman kalmason se aprè tout enfòmasyon ki ta rive jwenn yo ki ta fè kwè gen planifikasyon kap fèt bò kot administrasyon an plas la pou kontinye simen dèy nan mitan moun ki pa gen vwa yo

Nap raple menm moun sa yo ki jwenn yon antant pou mennen batay pou deboulonnen prezidan repiblik la Jovenel Moïse, nan diskou yo te genyen nan dènye jounen mobilizasyon an yo te fè konnen yo bay prezidan repiblik la dèle poul remèt demisyon jiska prezan prezidan an pa fè yon pa kita! Èske nan jounen mobilizasyon 27 septanm nan yap rive jwenn sa yo bezwen an?

 

Otè:Anderson PHEBE

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ayiti/Eleksyon: San pèdi tan, manm bout KEP yo fòme biwo yo.

Nan mwens ke 24è, apre yo te fin prete sèman e estale kòm manm KEP …