AYITI/NÒT: MINISTÈ JISTIS AK SEKIRITE PIBLIK KONDANE AK TOUT FÒS LI ZAK VYOLANS KI FÈT NAN MANIFESTASYON VANDREDI 27 SEPTANM 2019 LA.

Nan yon kominike pou laprès ki rann piblik jounen samdi 28 septanm 2019 la, ministè lajistis ak sekirite piblik fè konnen ke li kondane avèk tout fòs li zak vyolans epi zak vandalis ki fèt nan peyi a pandan jounen manifestasyon opozisyon an te òganize nan kapital la ayè vandredi 27 septanm 2019 la epi nan kèk vil nan zòn pwovens yo.

Ministè a deploke ensidan sa yo epi pwofite anonse gen divès mezi ki pral pran yon fason pou arete tout moun ki enplike nan zak briganday sa yo pou vinn reponn kesyon nan men otorite jidisyè yo.

Yon lòt bò ministè a te tou pwofite salye pwofesyonalis polisye yo ki te anpeche manifestan yo rive fè plis dega pandan pakou manifestasyon an

Pilwen ministè a envite popilasyon an pou gade serenitel epi pou kolabore ak lapolis yon fason pou travay la ka rive pi byen fèt, ki se sèvi ak pwoteje

Poun fini nap fè remake kominike sila se minis demisyonè a Jean Roudy Aly ki siyenl

Rikenson Fulgeance.

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ayiti/Eleksyon: San pèdi tan, manm bout KEP yo fòme biwo yo.

Nan mwens ke 24è, apre yo te fin prete sèman e estale kòm manm KEP …