AYITI/POLITIK: ANPIL GWO CHANJMAN NAN GOUVÈNMAN AN.

Apre prezidan repiblik la Jovenel Moise fin anonse li ak nasyon an mékredi 25 septanm 2019 la li pase a laksyon li pran plizyè arete pou chanje kèk moun nan kabinè li ak nan gouvènman an.

Nan yon premye arete Prezidan an chanje sekretè li Jean Hilbert Lebrun pa Lyonel Valbrun epi minis demisyonè edikasyon nasyonal la ak fòmasyon pwofesyonèl la Pierre Josué Agenor Cadet vin minis enteryè ak kolektivite tèritoryal li ranplase nan pòs sa Reynaldo Brunet.

Nan yon dezyèm arete prezidan ranplase direktè jeneral ministè enteryè a Fednel Monchery ki te bay bay vag pa Amos Zephirin epi revoke delege depatmantal lwès la Joseph Pierre Richard Duplan li ranplase li pa Garry Pierre Bernadotte.

Prezidan an chanje delege Grandans lan Lhen Schiller Torchon e ranplase li pa Jean-Claude Bontemps. Li chanje delege Nip lan Guyvard Labbé e li nome Morel Espérance Berard. Degaul Pierrot Augustin nome delege depatman nò a, Serge Chery nome delege pou depatman Sid.

Apre delege yo prezidan an pase men nan direksyon jeneral yo kote li mete Eudes Lajoie nan tèt SNGRS, Stéphane Durand vin direktè jeneral SONAPI,  Erick Prevost Jr nome direktè jeneral SEMANAH, Daniel Joseph nome direktè jeneral radyonasyonal.

Enel Tochon vin nouvo komisè gouvènman Pòtoprens apre Paul Eronce Villard deside fè yon kraze kite sa.

Militan opozisyon yo bò kote pa yo chanje mouvman pou fòse prezidan ale yo kraze boule epi piye anpil biznis prive ak kèk biwo leta.

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ayiti/Eleksyon: San pèdi tan, manm bout KEP yo fòme biwo yo.

Nan mwens ke 24è, apre yo te fin prete sèman e estale kòm manm KEP …