ESPÒ/LIGA: ATLETICO MADRID FAS AK REAL MADRID YON MATCH CHÒK.

Se nan fyèf ekip Atletico a nan Estadio Wanda Metropolitano a match chòk sa pral dewoule jodi samdi 28 septann 2019 lan a 3zè nan aprè midi.

Se José Louis Gonzalez Gonzalez ki se yon abit espanyòl ki pral gen pou dirije gwo match foutbòl sila. Rankont sa pral gen anpil anje ladanl paske Real Madrid genyen tèt klasman an a 14 pwen pandan Atletico Madrid li menm li plase an 3yèm ak 13 pwen, se sèlman yon pwen ki ekate li de mezon blanch lan sa ki pral motivel poul batay pou jwenn laviktwa pou l ka pran tèt klasman an pandan Real li menm li pral goumen pou rache viktwa sa pou pèmèt li toujou rete an premye.

Se pral yon bèl rankont kap chaje ak bèl jwèt paske tou de (2) ekip yo ap pral chèche viktwa. An ka de yon match nil ap gen Real Sociedad ki genyen menm valè pwen ak Atletico se li kap premye.

Kiyès ki pral selebre laviktwa ant poulen Siméone yo ak poulen Zizou yo. Sa nou poko konnen l nap tann 3zè aprè midia pou nou al byen gade batay sa ant kòltchonewòs yo ak mezon blanch la.

Florestal Wilky

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Le Canada, la Copa América et les questions brûlantes

Le Canada à la Copa América, on y est presque ! Le match de l’unifolié …