ESPÒ/LIGA: BARCELONE METE PRENSIP SOU GETAFE.

Gras avèk Luis Suarez epi Junior Firpo Blaougrana fè yon viktwa (0-2) an deplasman samdi 28 septanm 2019 la kay ekip Getafe a.

Se nan 41 nyèm minit yo Suarez ta pral jwenn ouvèti eskò a avèk yon bèl lòb li fè pandan gadyen tap soti sou li, sa ki te mete match la (0-1) anfavè poulen Valverde yo.

Se te yon premye mitan ki fini (0-1) Katalan yo ta pral tann 49 vyèm minit match la pou fè yon dezyèm gòl gras ak Junior Firpo ki te jwenn zòn verite ekip advès la. Ekip blaougrana a ta pral jwe an mwens aprè Clement Langlet te kite teren an akoz yon fot li te fè ki fè abit la te pinil ak yon katon wouj.

Aprè Barcelone fin selebre bèl viktwa sa lakay ekip Getafe a, sa pèmèt poulen Valverdé yo pase an katriyèm pozisyon nan klasman liga espanyòl la ak 13 pwen.

Florestal Wilky

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Le Canada, la Copa América et les questions brûlantes

Le Canada à la Copa América, on y est presque ! Le match de l’unifolié …