ESPÒ/LIGA: YON MATCH NIL KI PA DERANJE REAL MADRID.

Malgre match nil li fè fas ak Atletico Madrid la nan dèbi madrilèn nan samdi 28 septanm 2019 la sa pa anpeche mezon blanch la kenbe tèt klasman.

Se te nan Wanda Metropolitano a ekip Atletico Madrid la tap resevwa Real Madrid nan kad 7 tyèm jounen liga a,yon match ki fini sou yon eskò vyèj (0-0).

Malgre anpil tantativ pou make gòl ki te fèt bòkote poulen Zidane yo sitou avèk Benzema sa pat pote fwi epi genyen Bale ki rate yon bèl okazyon pou li te mete balon an nan filè a pou te bay Real avantaj la.

Atletico bòkote pa l tap mete anpil presyon tou men bagay yo pat fasil ditou jiskaske match fini okenn ekip pa rive mete balon nan filè.

Aprè match nil sa Real Madrid toujou nan tèt klasman an ak 15 pwen epi Atletico limenm li nan twazyèm plas la ak 14 pwen.

Florestal Wilky

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Le Canada, la Copa América et les questions brûlantes

Le Canada à la Copa América, on y est presque ! Le match de l’unifolié …