AYITI/ESPÒ: AYITI PAP RESEVWA MATCH ELIMINATWA JO TOKYO 2020 POU GWOUP C A ANKÒ.

Akoz pwoblèm ensekirite a melanje ak mouvman vyolans ki gen nan peyi a pou mande prezidan repiblik la kite peyi a, CONCACAF la retire nan men Ayiti òganizasyon premye faz eliminatwa gwoup C Jo Tokyo 2020 yo bò kote medam yo e bay peyi Potoriko li dimanch 29 septanm 2019 la.

Desizyon sa pran paske Ayiti pa an mezi pou garanti sekirite delegasyon yo ki tap gen pou rantre nan peyi a, sa pap chanje kalandriye rankont yo sof ke seleksyon nasyonal fanm nan ap oblije kite peyi a madi 1e oktòb 2019 la pou ale Potorico.

Medam ayisyèn yo ap jwe premye match yo ak Siranam samdi 5 oktòb 2019 la epi dezyèm match la ap jwe lendi 7 oktòb ak Potorico, ekip ki fini nan premye plas la ap tou kalifye pou dezyèm faz.

 

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Le Canada, la Copa América et les questions brûlantes

Le Canada à la Copa América, on y est presque ! Le match de l’unifolié …