AYITI/BAYAMAS: SITYASYON KONPLIKE POU AYISYEN YO NAN PEYI BAYAMAS APRE SIKLÒN DORIAN

Ayisyen ki san papye nan peyi Bayamas yo gen anpil pwoblèm apre siklòn Dorian fin sakaje Bayamas.

Minis imigrasyon peyi Bayamas la Elsworth Johnson deklare ke tout etranje ki pa gen papye yo oblije retounen nan peyi yo paske yo se yon peyi ki respekte lalwa e yap viv de lalwa, li fè konnen yo pa ka pran kòb taks abitan yo pou ede etranje yo e jan etranje yo ap viv apre siklòn nan pa bon el pa bon pou imaj peyi yo.

Nap raple zòn siklòn nan kraze plis yo se la yo ki gen plis ayisyen kap viv, ayisyen sa yo pèdi tout sa yo te genyen, e menm pyès enpòtan yo tankou paspò papye legal leta Bayamas yo pou site sa yo.

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ayiti/Eleksyon: San pèdi tan, manm bout KEP yo fòme biwo yo.

Nan mwens ke 24è, apre yo te fin prete sèman e estale kòm manm KEP …