AYITI/ENSEKIRITE: MOUN FONPARIZYEN AK MOUN NAN ZÒN KI TOU PRE LI YO GEN DIFIKILTE POU RANTRE E SOTI PÒTOPRENS.

Moun kap vin nan lokalite fonparizyen ki chita kò li nan komin Gantye ak moun ki tou pre li yo gen gwo difikilte pou antre e soti nan kapital peyi Dayiti akoz yon gwoup bandi kap opere nan yon lokalite nan zòn plèn nan ki rele NAN PAPAY.

Bandi sa yo pran plezi soti sou wout nasyonal la fouye machin kidnape moun epi rantre nan bwa ak yo epi rele fanmi moun yo, mèt machin yo, mande yo gwo sòm lajan pou yo bay moun yo ak machin yo, si paran moun yo kenbe a pa bay lajan yo mande a yo touye moun nan, si mèt machin nan pa bay lajan an yo pran machin nan, bandi sa yo pa konn machin prive ni machin piblik yo pran tout sa yo jwenn.

Moun ki viktim plis anba men bandi sa yo se moun kap viv fonparizyen ak moun ki prale oubyen soti Malpas, Jimani epi nan peyi vwazen Sendomeng. Selon moun kap frekante wout la lapolis pa inosan nan sa kap pase nan PAPAY la paske yo pa janm pran okenn dispozitif pou frenen zak bandi sa yo kap opere sou wout la depi plizyè mwa. Moun yo mande pou otorite yo di yon mo pou yo.

Nap raple wout sa se yon sèl moute yon sèl desann pa gen wout pa bwa e wout sa mennen plizyè kote nan peyi a tankou Gantye, Fonparizyen, Tyòt, Fonvèrèt malpas Jimani pou site sa pou peyi Dayiti epi li mennen Sendomeng.

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ayiti/Eleksyon: San pèdi tan, manm bout KEP yo fòme biwo yo.

Nan mwens ke 24è, apre yo te fin prete sèman e estale kòm manm KEP …