ESPÒ/LIGDÈCHANPYON: LUIS SUAREZ BAY BARCELONE LAVIKTWA.

Gras avèk yon double de Luis Suarez, FC.Barcelone rive fè yon viktwa nan Kannou an kote yo rive bat Inter Milan (2-1) malgre se enteris yo ki te rive jwenn chemen filè a anvan.

Malgre FC.Barcelone te pran gòl byen bonè nan match la paske enteris yo ta pral mennen (0-1) depi nan dezyèm minit match la gras ak Lautao Martinez ki te sekwe filè blaougrana yo. Premye mitan an ta pral fini an favè ekip italyèn nan.

Luis Suarez ta pral jwenn gòl egalizasyon an pou Fc.Barcelone nan 58 tyèm minit match la avèk yon pas Arturo Vidal te fè pou li. Puiske yo te lakay yo devan piblik yo, yo pat satisfè a (1-1) yo te mete presyon pou jwenn yon dezyèm gòl.

Yon dezyèm gòl ki ta pral pèmèt katalan yo selebre laviktwa, gòl la fèt nan 88 tyèm minit lè Messi fè yon pas pou pèmèt Suarez souke filè advès la yon dezyèm fwa e mete match la (2-1).

Florestal Wilky.

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Le Canada, la Copa América et les questions brûlantes

Le Canada à la Copa América, on y est presque ! Le match de l’unifolié …