ESPÒ/EKSPATRIYE: FRANTZDY PIERROT FRAPE FÒ ANKÒ WIKENN NAN.

4 jou apre yon double nan 9vyèm jounen LIG 2 an sa yo rele dezyèm divizyon fransèz la. Atakan entènasyonal ayisyen an Frantzdy Pierrot bay yon bèl prestasyon vandredi 4 oktòb 2019 la lèl make yon gòl plis yon pas gòl nan viktwa fas ak ekip Rodez la.

Guingamp enpoze li sou terenl kont ekip Rodez la (4-1) sa fè de (2) viktwa yon kole ak lòt pou koyekipye Frantzdy pierrot yo, match sa jwe nan kad 10èm jounen LIG 2 an.

Viktwa enpòtan sa fèt gras ak yon (1) gol de atakan entènasyonal ayisyen Frantzdy pierrot nan 78′ avant li te fè yon pas pou Bryan pelé nan 83′. Sa fè 3 gòl sou 2 match grenadye a jwe.

Bitè ayisyen an te kite plas li pou Nelou Roux nan 86′ swa apre 3 minit pas desizif lan. Yon semèn avan match seleksyon nasyonal la kont Costa-Rica kap jwe nan peyi Bahamas le 10 oktòb kap vin la match ki konte 3èm match nan « LDN » an atakan  » bas-limbè » an afiche yon bèl pèfòmans.

Pa kont nan menm jounen sa Paris Fc ekip ke defansè santral ayisyen an fè premye viktwal yon viktwa enpòtan kont Troyes apre yon gòl ke defansè tinizyen an make kont kanl depi nan 6 premye minit match lan. Grenadye an Bryan Alcéus pat jwe.

OTÈ:JOCELYN COUYOUTE

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Le Canada, la Copa América et les questions brûlantes

Le Canada à la Copa América, on y est presque ! Le match de l’unifolié …