ESPÒ/PREMYE LIG: YON 8TYÈM VIKTWA YOUN DÈYÈ LÒT POU LIVERPOOL.

Yon lòt fwa ankò Liverpool selebre viktwa, yon 8 tyèm viktwa pou 8 match li jwe nan premye lig anglè a fwa sa se Leicester City ki viktim devan machin Lame wouj la.

Rèdz yo ta pral oblije tann 40 tyèm minit pou yo jwenn chemen filè ekip Leicester a gras avèk Sadio Mané sou yon pas de Milner sa ki ta pral mete match la (1-0) epi se konsa premye mitan an te fini. Nan dezyèm mitan make gòl pat parèt twò fasil pou tou de (2) ekip yo, Leicester tap eseye jwenn egalizasyon pandan poulen Klop yo tap chache gòl viktwa.

Aprè anpil anje se nan 88 tyèm minit yo Leicester ta pral egalize aprè yon bel pas Perez ta pral fè pou Maddison pou mete balon an nan zòn verite a sa ki te mete match la (1-1).

A (1-1) presyon an te sou do Liverpool ki te toujou vle kontinye kriye laviktwa sa ki ta pral mete yon kè sote bòkote fanatik yo paske yo ta pral jwenn yon penalite nan 90′ aprè yon fot ki te fèt sou Mané epi VA ta pral akòdel epi James Milner transfòmel an gòl sa ki mete match (2-1) anfavè rèdz yo.

Apre kout viktwa difisil sa a ekip Liverpool la kontinye ap ogmante kapital pwen nan tèt klasman an. Sa ki deja fè yo gen 24 pwen sou 24.

Florestal Wilky

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Le Canada, la Copa América et les questions brûlantes

Le Canada à la Copa América, on y est presque ! Le match de l’unifolié …