ESPÒ/LIGA: REAL MADRID KONRINYE KENBE TÈT KLASMAN AN.

Nan match ki konte pou 8tyèm jounen chanpyona espanyòl la ekip Real Madrid la fè tonbe ekip Granada (4-2) ayè samdi 5 otòb 2019 la.

Se Karim Benzema ki ta pral bay madrilèn yo avantaj la byen bonè nan match la depi nan 2zyèm minit jwèt la, fransè a ki te jwenn chemen filè gras avèk yon pas Gareth Bale te ba li.

Granada nou konnen ki te bat Barcelone nan match ale a nan chanpyona sila pat jwenn chans fas ak yon ekip mezon blanch ki te mande anraje epi ki ta pral jwenn gòl (2-0) gras avèk nouvo nimewo 7 yo a Eden Hazard nan fen premye peryòd la.

Nan 61nyèm Luca Modrić te mete match la (3-0) aprè li te antre nan plas Kroos akoz alman an te soti sou blese depi nan 34 minit. Granada pat rete bra kwaze sa ki ta pral fè yo redui eskò a sou penalite gras ak Darwin Machis nan 69 vyèm epi Duarte te fè yon dezyèm gòl pou Granada nan 77′ pou mete match la (3-2). Se entènasyonal kolonbyen an Rodrigez ki ta pral mete balon nan filè pou mete match (4-2) nan tan adisyonèl yo epi selebre laviktwa.

Aprè bèl viktwa sa poulen Zidane yo pase a 18 pwen nan tèt klasman liga espanyòl la epi Granada ki gen 14 pwen ap swiv yo.

Florestal Wilky

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Le Canada, la Copa América et les questions brûlantes

Le Canada à la Copa América, on y est presque ! Le match de l’unifolié …