ESPÒ/SERI A: JUVENTUS DESANN INTER DE MILAN NAN KLASMAN SERIE A.

Se nan estad San Siro/ Giusepe Meazzar lakay enteris yo tirinwa yo fete yon bèl viktwa (2-1) ki te parèt difisil nan setyèm jounen seri A italyèn nan 6 oktòb 2019 la.

Vyèy dam nan ta pral ouvri eskò a byen bonè nan match depi nan 4′ gras ak entènasyonal ajanten Paulo Dybala avèk yon bon pas de Miralem Pjaniç. Enteris yo pat rete bra kwaze paske yo tap chèche gòl egalizasyon ki pat fasil ditou fas ak yon bon gadyen tirinwa ki pat lese okenn chans ak Ínter.

Men enteris yo ta pral benefisye yon penalite nan 38′ match sa ki ta pral pèmèt Lautaro Martinez mete match la (1-1). Avan mitan an CR7 ta pral mete yon balon nan filè men abit la pat akòde gòl la akoz li estime te gen òje sou aksyon an, premye peryòd la te fini nil.

Anpil fanatik vyèy dam nan te pèdi espwa koz yo panse match la tap fini nil sa ki patap anfavè Juventus paske se Inter ki te genyen tèt klasman an, Gonzalo Higuaín nan 80′  ta pral fè gòl (2-1) sa ki bay tirinwa yo laviktwa.

Gras avèk viktwa sa se ekip Juventus la pran tèt klasman a 19 pwen epi enteris yo desann nan dezyèm plas la pandan yo toujou rete ak 18 pwen.

Florestal Wilky

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Le Canada, la Copa América et les questions brûlantes

Le Canada à la Copa América, on y est presque ! Le match de l’unifolié …