AYITI/POLITIK: PREZIDAN SENA AYISYEN AN SOTI NAN TWOU LI POU MANDE DYALÒG NASYONAL.

Prezidan sena Ayisyen an Carl Murat CANTAVE apre plizyè semèn sòti nan twou li madi 8 Oktòb 2019 la kote li mande pou respekte sena Ayisyen an menm si li konnen anpil nan yo pa gen kapasite pou ranpli misyon pèp la ba yo.

Prezidan sena fè konnen sena Ayisyen an, pa yon legliz ni li pa yon gagè kote moun ap vin goumen kraze brize sa ki ladanl, men sena se miwa lalwa, se senbòl fyète Ayisyen an paske apre manda yo sena ap toujou egziste pou ranpli travay pèp la, nou tout dwe respekte sena, li fè konnen toujou sena pa gen yon pati l’ap sipòte pou yon lòt men yon medyatè
pou fasilite dyalòg, li pa gen enterè tou pou sipòte prezidan repiblik la men pito enterè pèp ayisyen an.

Yon lòtbò li mande tout eli yo tankou prezidan, senatè, depite, majistra, jij yo ak tout lòt moun ki gen monopòl peyi a pou fè yon sakrifis pou nasyon an pou mete manda yo sou yon tab dyalòg, paske bagay yo pi konplike deyò a nan fason yon moun ka konprann li, paske peyi a mal anpil si nou pa fè sa kounya li ka twò ta pou nou paske tout moun echwe.

Pa gen gaz, wout koupe, lopital pa ka fonksyone, plizyè biznis fèmen pòt yo, grangou ap vale tèren, bandi ap kòmande nan tout tikwen, timoun pa ka al lekòl, anplwaye leta pa ka touche, fanm ansent pa ka jwenn swen, moun ki bezwen fè dyaliz pa kapab jwenn sèvis chak jou bagay yo ap vin pi rèd, tout moun dwe fè yon sakrifis pou chanje sa daprè prezidan sena Carl Murat CANTAVE.

Pou fini prezidan sena a di peyi Dayiti se pou ni opozisyon ni pou prezidan, tout moun gen menm dwa, paske Ayiti se pou tout Ayisyen, jan kominote nasyonal la ak entènasyonal la mande sa menm jan prezidan swetel la nou dwe chita nan tèt ansanm nan kole zepòl pou chanje sitiyasyon yo paske pèp la nan tout kalte difikilte, peyi a ajenou li pa ka kontinye nan difikilte sa yo.

josephjemsley814@gmail.com

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ayiti/Eleksyon: San pèdi tan, manm bout KEP yo fòme biwo yo.

Nan mwens ke 24è, apre yo te fin prete sèman e estale kòm manm KEP …