ESPÒ/LDN: KEYLOR NAVAS FÈ PATI 24 JWÈ KAP GEN POU JWE KONT SELESYON NASYONAL AYISYÈN NAN NAN PEYI BAYAMAS.

Nan kad 3èm jounen lig dè nasyon CONCACAF la ,nouvo antrenè ekip Kosta Rika a Ronald González, mete lis 24 jwè li deyò vandredi 5 oktòb 2019 ki sot pase a, nan lide pou yo al jwe kont grenadye de Duckens Nazon yo 10 oktòb 2019 kap vini an nan peyi Bayamas, Se pral premye match ofisyèl antrenè kostariken an nan tèt ekip la, ki pral eseye fè bliye viktwa ekip ayisyèn nan ( 2-1) kont kostarika nan koup dò a nan mwa jwen 2019 la.

Yon lis ki make pa plizyè jwe anpòtan si nap site tankou: Keylor Navas ,Celso Borges,Joel Campbell ,men san prezans kapitèn nimewo 1 yo kise Bryan Ruiz.

Men lis la repati konsa:

Gadyen yo se twa (3) : Keylor Navas , Leonel Moreira , Adonis Pineda.

Defansè yo se (9) : Ricardo Blanco ,Keysher Fuller, Giancarlo Gonzales, Kendall Waston ,Francisco Calvo ,Oscar Duarte ,Kevin Espinoza ,Bryan Oviedo , Ronald Matarrita .

Milye tèren yo se (8) : Celso Borges ,Allan Cruz ,Dilan Flores , Jose Cubero , Luis Dias Joel Campbell, Randall Leal ,Ariel Lessiter.

Atankan yo se (4) : Jose Ortis , Johan Venegas ,Francisco Rodriguez ,Jonathan Moya.

Otè : Mackenson SÉVÈRE

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ayiti/Eleksyon: San pèdi tan, manm bout KEP yo fòme biwo yo.

Nan mwens ke 24è, apre yo te fin prete sèman e estale kòm manm KEP …