ESPÒ/ENTÈNASYONAL: MATCH ZANMITAY ALMAY AK AJANTIN ANTANN YO.

Nan yon match trè anime nasyonal manchaf lan tap resevwa ekip ajantin nan. Byen bonè Almay te ouvri eskò an gras ak yon Gwo gòl de Serge Gnabry nan 13 premye minit nan match la. Gras ak yon pas de Lukas klosterman.

Almay tap bezwen 7 minit apre pou make 2èm gol lan malgre Ajantin tap jwe trè byen men yo pat janm enkyete defans advès lan 22′ Serge Gnabry te pral sèvi Kai Havertz pou (2-0).
Se avèk avantaj 2 gòl sa pwoteje Joachim Löw yo te rantre nan vèstyè.

Soti nan poz demi an ajanten yo te mete pye sou balon an pouse pou redwi eskò an jis yo egalize.
Avèk anpil chanjman retire Macos Rojoak correa pou rantre avèk respektivman Ocampos epi Macos Acuna.
Anpil jès teknik se chanjman sa yo ki bay teknisyen ajanten an match lan
62′ Scalonie tap retire Dybala ki patap jwe anyen selon li pou rantre avèk atakan Hoffenheim lan ki se
Lucas Alario. Li tap tann sèlman 4 minit poul redwi mak lan swa 66èm minit nan jwèt la gras ak yon pas de Macos Acuna.
Albiseleste an te tann 5 dènye minit nan jwèt lan swa 85èm minit gras ak yon gòl de Lucas Ocampos yon jwè ki te monte nan mitan match la pa bliye se Lucas Alario ki bay dènye pas la pou gòl egalizasyon an depi lè sa se (2-2) se sou eskò saa match la tèmine abit la te bay 2 minit anplis.

Estonie se ap nouvo advèsè Almay, se ap mach eliminatwa koup ewop 2020.
Ajantin ap jwe ak Ekwatè toujou nan match zanmi tay.

 

OTÈ : JOCELYN COUYOUTE.

Kredi foto: GOLD.COM

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Le Canada, la Copa América et les questions brûlantes

Le Canada à la Copa América, on y est presque ! Le match de l’unifolié …