ESPÒ/ MATCH ZANMITAY: AJANTIN FÈ YON MASAK SOU EKWATÈ.

Apre match Nil kont Almay semèn pase an Albiseleste an mal mennen Ekwatè nan peyi Espay presizeman nan vil Elche nan estadyo Manuel Valero an
Yon mach ki fini sou sou eskò « Tennis » : (6-1).

Byen bonè poulen « Scaloni yo » te make premye gòl rankont lan swa 20èm minit gòl ke Lucas Alario apre yon pas de Macos Acunia.

Se te la masak la te kòmanse 7 minit apre Jhon Espinoza ta pral agrave eskò an swa 27′ nan jwèt la 5 minit pita (3-0) tap vini avèk Leandro Paredes lè sa match la tap jwe 32èm minit. Se avèk avantaj 3 gòl sa ajanten yo te pran poz demi an.(3-0).

Soti nan poz 15 minit lan ekwatoryen yo ta pral redwi mak la avèk Angel Mena nan 49èm minit jwèt la yon gòl sou koufran dirèk se pi bèl gòl match la.
Pwoteje Lionel Scaloni yo te byen jere match yo, yon bagay nou pa wè lontan, yon ekip ajantin kap fè anpil gòl konsa.

Fèt la ta pral rekòmanse ankò kote German Pezzella ta pral enskri nonl nan lis moun kap siyen nan viktwa sa lèl tt pral agrave eskò an anplis pou touye tout espwa teknisyen Ekwatoryen 55 lane an ak tout poulenl yo nan 66èm minit.
Nikolas Dominguez ta pral make 5èm gòl pou seleksyon nasyonal Ajantin nan ki se 6èm gol rankont la lè sa nou tap jwe 82′
4 minit apre swa 86èm Lucas Ocampos make 6èm gòl lan pou kloure epi ki te sinonim ak viktwa (6-1).

Yon match trè ofansif anpil gòl swa 7 nan yon sèl rankont.
Ajentn 8 tir 7 cadre 6 ladan yo gòl 1 non kadre
Ekwatoryen yo fè 2 tir 1 kadre 1 pa kadre sak kadre an gòl.
Kònè (5 – 3)
Òje (4 – 1)
Fot (16 – 17)
Katon jòn (2 – 2).
Pwosesyon balon an fini anfavè Albiseleste ya 60% kont 40%.

OTÈ: JOCELYN COUYOUTE

IMAJ: PSG.FR

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Le Canada, la Copa América et les questions brûlantes

Le Canada à la Copa América, on y est presque ! Le match de l’unifolié …