AYITI/MANIFESTASYON : OPOZISYON AN PA RIVE METE ANPIL MOUN DEYÒ NAN KAPITAL LA JAN YO TE SWETE SA.

Sou inisyativ divès sektè nan opozisyon an, plizyè milye moun te pran la ri jounen jedi 17 oktòb 2019 la nan kapital la nan lide pou kontinye fòse Jovenel Moïse kite pouvwa a

Yon manifestasyon ki pat dewoule byen bonè nan kapital la akoz potko gen yon foul moun ki te reponn prezan jan lidè opozisyon an te prevwa sa pou jounen jedi 17 oktòb 2019 la

Daprè konsta yo anpil tèt depon nan opozisyon an pat rive patisipe nan kad mouvman leve kanpe sa
jan yo te fè santi sa nan yon konferans pou laprès yo te bay pandan kòmansman semèn nan ke yo tout tap reponn prezan.

Antouka nan fen jounen an jounalis yo te remake prezans kèk grenn lidè nan sektè demokratik ak popilè a devan MUPANAH a ki ta pral tante depoze yon boukè de flè nan mize nasyonal la men sa pat rive fèt akoz ajan polisye yo te anpeche yo al depoze boukè de flè a

Ebyen mesye sektè demokratik ak popilè a pat vle fè kòlè monte yo dèske yo pat kite yo antre, yo pat fè ni 1 ni 2 yo te blije lage boukè flè a devan baryè a

Bon ki sak fè sa malgre anpil mobilizasyon te fèt pandan semèn nan pou te pèmèt plis moun te rive foule beton an yon fason pou yo tal bay yon dènyè repons ak prezidan yo reklame ki pa gen moun.

bon jiska prezan nou poko konnen

Yon lòt kote Senatè Milo a kise Moise Jean Charles te dirije yon branch manifestasyon devan anbasad amerikèn yon fason pou yo mande anbasad la lage pye Jovenel Moïse sou pouvwa a

Yon demach anpil moun mal wè pwiske opozisyon an di li ini lè li wè Moïse Jean Charles ak yon gwoup moun ap pran destinasyon pou yal devan anbasad amerikèn pou yal lanse yon mesaj devan anbasad amerikèn

Eske se yon bon sin pou mouvman opozisyon an oubyen se yon estrateji lidè opozisyon an genyen yon fason pou yo montre yo gen kontwòl tèren an

Ki donk nap swiv sitiyasyon an poun wè ki sa sa pral bay nan jou kap vini la yo?

Rikenson Fulgeance

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ayiti/Eleksyon: San pèdi tan, manm bout KEP yo fòme biwo yo.

Nan mwens ke 24è, apre yo te fin prete sèman e estale kòm manm KEP …