ESPÒ/ LIGA/KLASIKO: BARCELONE KONT REAL MADRID LAN PAP JWE NAN WIKENN 26 OKTÒB 2019 ANKÒ

Premye chòk ki tap mete Fc.Barcelone kont Real Madrid la pap jwe le 26 Novanm kap vini an ankò, men se nan mwa desanm lap jwe nan yon dat ke yo pako deside.

Desizyon sa pran akoz pwoblem politik ki genyen nan rejyon kataloy lan antite kap òganize chanpyona espanyòl la deside ranvwaye premye match la pou rezon sekirite.

Lig la te mande  de « 2 » klèb ki konsène yo pou chèche yon teren antant pou match la jwe, yo te menm pwopoze pou tou de match yo ta jwe kay Real Madrid yon pwopozisyon ke tou de (2) klèb yo pa dakò.

Men lig la vle pou match la jwe nan yon wikenn paske chòk sa rete yon pwogram, apre yon Samdi aprè midi match la pa dwe jwe nan mitan semèn koz gen anpil patnè yo vle ba yo viziblite an tou, se rezon sa ki fè prezidan lig panyòl la pa dakò dat 18 desanm nan ke de klèb yo ta antann yo sou li a.

*JOCELYN COUYOUTE

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Le Canada, la Copa América et les questions brûlantes

Le Canada à la Copa América, on y est presque ! Le match de l’unifolié …