AYITI/ENSEKIRITE: BANDI NAN SAVYEN ATAKE JWÈ RACING GONAYIV YO.

Bandi atake bis ki tap mennen jwè ekip Racing Gonayiv yo lakay yo apre yo te fin bat ekip Baltimore a lakay li nan vil Senmak (2-1)  nan tounwa ki rele « Anti stresse » la nan lannwit samdi 19 oktòb 2019 la.

Selon enfòmasyon de kèk jwè ki te nan bis la se ta bandi nan lokalite Savyen ki ta atake yo sou wout la, bandi yo pran tout sa ki te nan bis la tankou telefòn yo, bous ak lòt materyèl ki te nan men yo. Jwè yo ki te pè pou yo pat pran nan yon lòt atak bandi ankò te oblije al pran souf nan komisarya Lestè a.

Ekip Gonayiv la kalifye pou demi final chanpyona anti stress la.

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Le Canada, la Copa América et les questions brûlantes

Le Canada à la Copa América, on y est presque ! Le match de l’unifolié …