ESPÒ/FOUTBÒL: TWAZYÈM JOUNEN PREMYE PATI LIG DÈCHANPYON.

Premye pati twazyèm jounen an jwe te gen uit « 8 » match nan pwogram nan 12hr-55 Atl Madrid tap resevwa Bayer Leverkusen yon match ki fini (1-0) pou espanyòl yo gras avèk yon gòl byen ta de Alvaro Morata swa 78èm minit 8 minit aprel te rantre nan match la li te ranplase koke na 70 minit.

Nan menm gwoup sa Juventus tap resevwa Lokomotiv yon match tirinwa yo genyen nan doulè. Ekip vizitez la mennen depi nan trant (30) premye minit jwèt la, se te Aleksey ki te make pou yo. Vyèj dam nan pase tout res tan premye mitan an ap chèche egalize men sa pat rive. Apre mitan sa ekip vizitez la te oblije tann 15 dènye minit jwèt la pou Dybala te bay viktwa a ak klèb li nan 77′ epi 79 minit jwèt la. Dybala ta pral fè gòl egalizasyon an gras ak yon pas de Juan Cuadardo, dezyèm gol la te vini 2 minit apre apre yon gwo chout de Alexandro gadyen advès la repouse ajanten an jwenn rebon an se te gòl viktwa li tou ofri tèt li yon double. Match la fini (1-2).

Men klasman gwoup ban
Ekip :               pwen
Juventus. :               7
Atl Madrid :            7
Lokomotiv :            3
Leverkusen :          0.

Manchester city tap jwe avèk atalanta yon match citizenn yo bat avèk mannyè yo mal mennen italyen yo (5-1).
De (2) jwè mete ansanm pou bat ekip vizitez lan.
Pwoteje Pep yo te make avèk Aguero pou yon double nan 34′ épi trantuityèm (38′) se te eskò premye 45 minit jwèt la.

Sòti nan poz la Sterling make twa (3) lot gol yo nan (58′ 64′ épi 69′ ) minit. Se te Ruslan Molinovsk ki te make pou Atalanta nan (28′) pou te ouvè eskò an.

Men klasman gwoup C an
Ekip :             Pwen
Man.city :             9
Dinamo :              4
Shakta :                4
Atalanta :             0

Tottenham imilye Zvezda (5-0) nan Tottenham Ospus stadium nan avèk yon bon Lamela ala bagèt otè de (2) pas desizif ak yon gòl byen soutni de Hary Kane epi Heung-Man-Son yo chak fè (2) gòl pou pèmèt Tottenham siye san an sou Zvezda aprè yo te fin pèdi devan Bayern Munich ki te maltrete yo nan jounen pase an.

Bayern kontinye avèk seri viktwa a li fè 3 nan 3 match. Bavawa yo bat difisilman olympiavos (2-3).
El Arabi te deklanche osilite yo pou grèk yo nan 23 premye minit yo. 11 minit apre Lewandowski ta pral egalize pou yo swa 34.
Menm Lewandowski sa ta pral agrave eskò an lèl ta pral make twazyèm gòl match la pou bay avantaj la ak ekip Almand lan nan 62zyèm minit.
Toliso nan (75′ ) fè gòl (3-1) pou bavawa yo, se pat KO viktwa pou yo 4 minit apre Guilhem ta pral redui eka a nan match la pou mete presyon an sou do ekip ki tap jwe an deplasman an swa 79′ (2-3) se te konsa sa te rete jiskaske match la tèmine.

Gwoup sa bavawa yo ap dominel avèk 9 pwen, lwen devant Tottenham ki gen 4 pwen, Zvezda vini nan twazyèm plas la avèk 3 pwen, Olympiacos bon dènye avèk 1 mizerab.

Nan gwoup « A » kote ki gen Real Madrid avèk pari an te gen de (2) match PSG imilye klèb brij nan Jan breydel stadium nan nan peyi beljik (0-5).
Yon bon triyo ki reponn Dimaria Icardy epi M bapé.

Dimaria te bay yon bel pas pou Icardi te make gòl premye mitan an, yon gòl ki te vini byen bonè nan match la.
Apre mitan an kanaval la ta pral kòmanse lè Mbapé monte nan plas choupomotig lè sa nou tap jwe 52 minit.
Mbapé te pral byen jayi poul fè (0-2) an apre yon sant an aryè avèk tèt li nan (61′).
Menm Mbapé sa apre 2 minit ta pral fè yon pas pou Icardi ki fè (0-3) a, se la kalvè an te kòmanse pou ekip resevez la, Mbapé ta pral make de (2) lot gol ankò pou antere pi fon ekip advès la 79′ epi 83 zyèm minit nan jwèt la sou de (2) pas de Dimaria ki toujou jwe byen chak fwa Neymar absan. (0-5) pou parizyen yo ki fè yon katon plen 9 pwen sou 9.

Lot match gwoup sa nou te gen chans wè Real Madrid ki tap toke kòn li avèk Galatasaray, yon match ke madrilèn yo soufri men ki fini nan avantaj yo sou eskò ki pi piti an (0-1) se kroos ki make sèl grenn gol sa nan 18′ yon pas de Hazard.

Men kijan klasman gwoup sa ye: Pari genyen 9 pwen pou 3 match jwe, Reyal Madrid genyen dezyèm plas la avèk 4 pwen klèb brij gen 3 pwen, Galatasaray bon dènye avèk 1 pwen.

 

*OTÈ : JOCELYN COUYOUTE*

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Le Canada, la Copa América et les questions brûlantes

Le Canada à la Copa América, on y est presque ! Le match de l’unifolié …