AYITI/POLITIK: ANBASAD PEYI ETAZINI MANDE POU OPOZISYON AN AK POUVWA A PRAN CHIMEN DYALÒG PRESE PRESE.

Anbasad peyi Etazini soti yon nòt pou mande aktè politik yo nan lakou peyi Dayiti pran chimen dyalòg prese prese e san kondisyon pou rezoud kriz kap ravaje peyi a depi yon bon bout tan.

Nòt sila vini Touswit apre yon twit ansyen vis prezidan peyi Etazini an Joe Biden kote li kritike prezidan ameriken an Donald Trump ki pa fè anyen pou rezoud kriz la nan peyi Dayiti. Nan nòt sa otorite ameriken yo mande pou aktè politik yo chita ansanm nan yon tan ki pa twò long pou mete gouvènman kanpe san kondisyon ki pou reponn ak soufrans pèp ayisyen an.

Yon nòt ki soti an kreyòl epi nan lang fransè kote peyi Etazini kontinye ap mande dyalòg nan mitan aktè politik yo.

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ayiti/Eleksyon: San pèdi tan, manm bout KEP yo fòme biwo yo.

Nan mwens ke 24è, apre yo te fin prete sèman e estale kòm manm KEP …