AYITI/POLITIK: JOE BIDEN KRITIKE KONPÒTMAN DONALD TRUMP NAN KRIZ PEYI DAYITI A.

Joe BIDEN ansyen vis prezidan pèp ameriken an deklare sou kont twitter li sa k’ap pase nan peyi Dayiti nan dènye tan sa sanble pa entèrese prezidan ameriken an Donald TRUMP, paskel pa janm fè yon efò pou sa sispann.

Ansyen vis prezidan pèp ameriken ale pi lwen lèl di sa pa sispann fè gran deba nan lakou Etazini pou di se prezidan Donald TRUMP ki kontinye kenbe omològ li Jovenel MOÏSE nan tèt peyi Dayiti.

Joe BIDEN kontinye poul di si sèlman li te nan plas prezidan Donald TRUMP li t’ap fè gwo presyon pou gen yon dyalòg nan mitan pouvwa anplas avèk opozisyon an nan peyi Dayiti pou rive stope kriz la pou pa fè plis dega k’ap konplike sitiyasyon Ayisyen yo.

josephjemsley814@gmail.com

Kredi foto: Twitter

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ayiti/Eleksyon: San pèdi tan, manm bout KEP yo fòme biwo yo.

Nan mwens ke 24è, apre yo te fin prete sèman e estale kòm manm KEP …